Primati - Minis Gracien Jean anonse yon pwogram pou akonpaye epi modènize pati politik ki rekonèt
6 hours ago
Nan okazyon 22yèm edisyon Madi Nasyon an, Minis delege bò kote Premye minis lan pou kesyon elektoral ak konstitisyonèl yo, Joseph André Gracien Jean, anonse yon nouvo pwogram pou akonpaye epi modènize pati politik ki rekonèt epi gen otorizasyon ministè jistis ak sekirite piblik (MJSP).
Pwogram sa ki enskri nan pèspektiv pwochen eleksyon yo vize amelyore finansman pati yo, ranfòse kapasite kad yo, prepare estrateji elektoral, epi itilize teknoloji enfòmasyon pou pi bon fonksyònman pati yo.