FAES / Distribution de kits alimentaire dans le Sud

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Fon asistans ekonomik ak Sosyal (FAES) distribye plizyè milye kit alimantè nan depatman sid samedi 4 avril 2026 la.
Distribisyon sa , rantre nan kad mizannèv Pwogram ijans miltisektoryèl ministè Afè sosyal ak Travay ap reyalize nan tout peyi a, atravè Fon asistans ekonomuk ak sosyal (FAES).

Distribisyon sa fèt nan kad yon misyon FAES reyalize nan sid peyi a soti 2 pou rive 6 avril 2026 la. Aktivite sa nan kad lit kont ensekirite alimantè ki touche popilasyon ki pi vilnerab yo.

A kote aktivite distribisyon kit alimantè yo, FAES distrisyon chak jou 48 000 repa cho bay deplase entèn yo nan diferan kote nan peyi a ki repati konsa : depatman Latibonit 2 000, Sant 9 000 epi Lwès 37 000.
Responsab yo soulinye tou yo distribye 36 000 repa chak jou nan kad kantin mobil nan komin Potoprens, Dèlma ak Petyonvil.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut