Hausse des prix des produits pétroliers /ASPAED/ Annonce de grève

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Asosyasyon Paran Elèv Ayiti yo (ASPAEDH) eksprime mekontantman l pa rapò ak ogmantasyon pri pwodwi petwolye yo sou mache nasyonal la.

ASPAEDH konsidere desizyon sa a kòm yon chay anplis sou do popilason an, espesyalman paran elèv yo ak moun ki nan kan deplase yo ki deja ap fè fas ak anpil difikilte ekonomik.

Nan sans sa a, òganizasyon an anonse yon jounen grèv ki pwograme pou lendi 13 avril 2026 la, pou denonse sitiyasyon an epi mande otorite konsène yo pran mezi ki nesesè pou soulaje popilasyon an.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut