Inauguration de certains services à l’Hôpital Immaculée des Cayes

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé akonpaye ak minis sante piblik ak popilasyon an Dr Bertrand Sinal , inogire madi 7 avril la , yon laboratwa molekilè , nan lopital jeneral Okay.
Laboratwa sa vin ranfòse kapasite sant ospitalye sila nan prizanchaj pasyan yo, sitou lè yo bezwen fè yon seri egzamen enpòtan.
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé nan okazyon an fè konnen jès la tradui solidarite ak responsablite Leta pou pote sèvis piblik yo, pi prè popilasyon an.

Seremoni inogirasyon sa dewoule an prezans diferan patnè entènasyonal ki kontribye nan reyalizasyon pwojè a.

Chèf gouvènman an te pwofite moman pale ak pèsonèl lopital la epi raple yo enpòtans sektè sante a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut