JOUNAL KREYOL CTN 8 AVRIL

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Mèkredi 8 Avril 2026
Bonswa, Bonjou
Byenvini nan jounal CTN INFO

Gran tit yo
Polis nasyonal peyi dayiti anonse li libere madi 7 avril la yon timoun yon lane. Se sèvant li ki te kidnapel, daprè sa PNH la ki fè konnen lap cheche pou kounye sispè a…

Ministè Defans peyi dayitii anonse yon nouvo lojistik siviv pou amelyore priz an chaj medikal sòlda FADH yo nan kad batay kont gang yo. Apati vandredi 10 avril la, y ap òganize de jou chak mwa pou kolekte san nan FADH…

Santral Initè travayè sektè piblik ak prive (CUTRASEPH) nan tèt kole ak Jèn bawo potoprens denonse desizyon gouvènman provizwa ayisyen an pran pou ogmante pri gaz la sou mache nasyonal la, yon desizyon yo kalifye selera ak penalizan pou popilasyon an.

Ajan ICE yo enplike nan yon lòt ensidan kote yo louvri kout zam sou yon jenn gason yo sispèk ki ta fè pati yon gang imigran illegal. Sa pase nan kalifòni. Migran sa yap cheche nan peyi Salvador nan kad ankèt sou yon ka asasina soti blese pandan ensidan sa…

Yon akò jidisyè finalman siyen nan Etazini ki mete fen a yon gro batay sou non mak Zafem lan. Dapre enfòmasyon yo, gwoup Zafem Dener Seide ak Reginld Cange kenbe definitivman dwa pou l itilize non li, apre yon antant ak Wiss Joseph ak Marie Joseph, ki se 2 plenyan yo…

Iran refemen detwa Omouz lan an repons ak atak Izrayel yo kap kontinye sou Liban, se sa medya letat iranyen yo rapote mercredi sa. Desizyon sa vini menm jou sesel fe pou 2 semenn ant Teyeran ak Wachinton lan….

🎙️ New to streaming or looking to level up? Check out StreamYard and get $10 discount! 😍 https://streamyard.com/pal/d/6277424556670976

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut