MSPP / Programme de Vaccination / Précision du docteur Martial Beneche
3 hours ago
Direktè pwogram elaji vaksinasyon an, Doktè Martial BENÈCHE pote presizyon, mèkredi 8 avril 2026 la, sou distribisyon vaksen ministè Sante piblik ak Popilasyon an te fè nan tèt kole ak plizyè sant sante ak sant ospitalye Leta genyen sou tout teritwa nasyonal la.
Doktè Matial BENÈCHE fè konnen distribisyon vaksen sa yo fèt espesyalman nan kad batay y ap mennen kont maladi difteri ki reparèt nan sosyete a.













