Programme Alimentaire Mondiale/Don des États-Unis pour renforcer la réponse d'urgence en Haïti
4 hours ago
Pwogram alimantè Mondyal (PAM) anonse li gen mwayen pou distribye èd alimantè bay plis pase 390 mil pou 18 mwa k ap vini la yo , gras ak sipò peyi Etazini.
Don sa ki fè pati pwogram Food for peace depatman agrikilti peyi Etazini , gen ladan l diri , pwa ak luil. L ap sèvi pou pote sipò bay moun ki gen bezwen manje spesyal yo epi sila yo ki te deplase akoz vyolans gang yo.
A kote 330 mil tòn danre alimantè ki deja disponib pou fè fas ak ijans selon siklòn, plis pase 100 mil timoun lekòl ta dwe tou jwenn yon pla cho , anndan pwogram nan.
Ak nouvo sipò sa, Pwogram alimantè Mondyal antann tou elaji kad distribisyon ak sipò l nan lòt domèn nan divès kwen nan peyi a.














