ONA – Enstitisyon an endiye fas ak dram ki lakoz lanmò polisye Villar Pierrejuste

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direksyon jeneral Ofis nasyonal Ofis asirans vyeyès (ONA) konfime gen yon ensidan ki rive nan kad yon misyon travay direktè jeneral la, Ronald Bazile, t ap fè nan Gran Nò peyi a, nan dat 19 dawout 2025 lan, kote polisye Villar Pierrejuste mouri.
Defen an te nan ekip ki t ap asire sekirite delegasyon an ki t ap soti nan komin Wanament ak Fò Libète.
Direksyon jeneral ONA di l endiye fas ak dram sa a ki lakoz lanmò polisye a.
Direksyon jeneral ONA prezante kondoleyans bay fanmi defen an, madanm li ak pitit li, kamarad pwomosyon l yo ak tout polis nasyonal la.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut