OFNAC - Presizyon sou zak sabotaj enstalasyon kominikasyon enstitisyon an, nan komin Kenskòf
4 hours ago
Direksyon ofis nasyonal avyasyon sivil (OFNAC) kondane zak sabotaj enstalasyon kominikasyon enstitisyon an gang kriminèl yo fè nan komin Kenskòf.
OFNAC bay asirans zak sa a pa gen gwo konsekans sou trafik aeryen an, pa gen twòp pwoblèm pou avyon vole oubyen ateri.
Responsab yo te pran mezi rapidman pou aktivite yo te kapab kontiniye sou tout teritwa nasyonal la annatadan sèvis ki afekte yo reprann nòmalman san pèdi tan.