REN – Òganizasyon yon ekspozisyon zèv atistik

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Òganizasyon Rasanbleman antant nasyonal (REN) atravè estrikti li ki rele «Culture Plus» òganize, wikenn pase a,yon ekspozisyon zèv atistik.
Aktivite sa a ki fèt sou tèm «Protéger l’environnement par les arts» te okazyon pou yon dizèn ekspozan prezante zèv yo nan evenman sa.
Ekspozisyon sa a fèt aprè fòmasyon ekspozan yo te swiv ak plizyè pwofesyonèl nan milye atistik ak atizanal la.
Daprè responsab estrikti Culture Plus yo, aktivite sa fèt nan lide pou mete an valè kreyativite jèn yo ki enspire atravè patrimwàn, idantite ak kilti ayisyèn nan, pandan yo kanalize zèv atistik yo sou pwoteksyon anviwonman.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut