KPT – Seremoni 58ᵉ anivèsè Ofis asirans aksidan travay, maladi ak matènite (OFATMA)

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konseye prezidan Louis Gérald Gilles patisipe jedi 28 dawout 2025 lan, nan seremoni 58ᵉ anivèsè Ofis asirans aksidan travay, maladi ak matènite (OFATMA), nan Petyonvil.
Nan okazyon, plizyè pèsonalite te prezan tankou Premye minis lan, alix Didier Fils-Aimé, Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, minis Afè sosyal la ak Travay la, Georges Wilbert Franck, Minis kondisyon fanm ak dwa fanm yo, Pedrica Saint Jean.
Konseye Prezidan Louis Gérald Gilles te soulinye gwo wòl OFATMA jwe nan sosyete a, sitou pou travayè ki pa gen mwayen yo. Pou doktè Gilles, li enpòtan pou gen envestisman ki kontinye fèt nan sistèm sante a pou pèmèt moun ki pi vilnerab yo jwenn swen.

Nan non Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, konseye prezidan an reyafime angajman otorite yo pou ranfòse kesyon ki gen pou wè ak pwoteksyon sosyal nan peyi a epi ranfòse enstitisyon k ap travay pou byennèt travayè yo.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut