UHM - Presizyon sou lapli k ap tonbe depi anviwon yon semèn sou peyi Dayiti
5 hours ago
Responsab yo nan Inite idwometeyowolojik Ayiti (UHM) pote presizyon tou, jedi 4 setanm 2025 lan, sou lapli k ap tonbe depi anviwon yon semèn sou peyi Dayiti.
Selon previzyonis, Wilner POLYDOR, seri lapli sa yo se konsekans pasaj yon ond twopikal ki kite aktivite konpetiv ki te twouve l deyè ond sa.
Pi lwen previzyonis lan ankouraje tout moun koute radyo, yon fason pou yo enfòme sou sa ki gen pou wè ak move tan, paske nou nan sezon siklonik.