Konjonkti/ Ensekirite - Plizyè moun ki patisipe nan trafik zam sou Ayiti, kondane Etazini
5 hours ago
Peyi Etazini ap montre moun k ap destabilize Ayiti yo vrè konsekans zak yo. Epòk enpinite a fini, e nou fèk kòmanse, daprè otorite amerikèn yo ki anonse enkilpasyon Bazile Richardson akoz li t ap mennen yon konplo pou transfere lajan soti Etazini bay Jimmy Cherizier, alyas « Barbecue, » pou finanse aktivite kriminèl li yo an Ayiti.
Lajistis amerikèn kondane tou Michael Adrian Nieto, pou l pase 3 lane nan prizon paske li te founi zam bay Ernesto Vazquez, yon manm enpòtan nan yon òganizasyon kriminèl ki te fè pase plizyè santèn zam sou Ayiti atravè Repiblik Dominikèn.
Gen Jean Wiltène Eugène ki kondane tou pou pase 30 mwa nan prizon epi peye yon amann $20,000 pou wòl li nan yon rezo trafik zam ki te ekspòte zam ilegalman an Ayiti epi gen yon rekonpans $5 MILYON dola Etazini pwomèt pou tout enfòmasyon ki pèmèt yo kaptire Jimmy Chérizier epi ede fè li rann kont kòm responsab zak vyolans ak destriksyon li yo an Ayiti.
Dapre otorite amerikèn yo, Sekirite Ayiti enpòtan pou Etazini, yo deklare yo vle lapè ak sekirite nan peyi a epi pwomèt y ap kontinye travay nan sans sa a ak otorite yo nan peyi Dayiti.