MARNDR - Selebrasyon "Jounen mondyal agrikilti"
7 hours ago
Madi 9 septanm nan se jounen mondyal agrikilti. Nan okazyon an, ministè Agrikilti Resous natirèl ak Devlopman riral salye travay tout pwodiktè ak antreprenè agrikòl yo ki reprezante pilye sektè a ak lit kont ensekirite alimantè a.
Se yon jounen tou pou ministè a remèsye tout aktè agrikòl kou patnè entènasyonal yo epi pèmèt gen refleksyon ki fèt sou chèn valè agrikòl yo anndan peyi a.
Selebrasyon sa pèmèt dirijan ministè agrikilti ak resous natirèl prezante kantite defi sektè ap fè fas sitou pwoblèm ensekirite a k ap frape pwodiktè yo, espesyalmn nan Lwès ak Latibonit. Mete sou sa genyen difikilte ki gen pou wè ak fenomèn klimatik yo.
Pou leve ansanm defi yo, minis agrikilti a di l kwè li nesesè pou genyen travay ki fèt pou modenize sektè a pou rann li rantab epi kapab reziste ak fenomèn klimatik yo ,poun site sa yo sèlman.
Pi lwen, ministè agrikilti resous natirèl ak devlopman riral pwomèt pou kontinye travay pou transfòme sektè agrikòl la nan yon yon espri koperasyon, enklizyon ak modènizasyon.