Plateforme No filter - Twazyèm edisyon «Eveil spirituel»
5 hours ago
Gwoup ki pote non « Platfòm No filter » nan tèt kole ak kèk lòt òganizasyon anonse y ap òganize, soti 17 pou rive 19 septann pwochen, twazyèm edisyon pwogram yo ki rele «Eveil spirituel» nan otel karibe nan Petyonvil.
Objektif la ane sa se rann omaj ak tout fanm ki t ap batay pou independans peyi Dayiti.
Hugline JEROME, kòdonatris estrikti sa, fè konnen ap genyen ekspozan nan tout kategori k ap gen ekspoze zèv yo. Nan sans sa, li envite gran piblik la patisipe nan twazyèm edisyon Eveil spirituel sa k ap bon pou yo, daprè sa l fè konnen.