ULCC – Patisipasyon Hans Ludwig Joseph nan 44èm reyinyon OEA sou koripsyon

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direktè jeneral Inite kont koripsyon an, Hans Jacques Ludwig Joseph ap patisipe nan 44èm reyinyon komite ekspè sou Mekanis suivi konvansyon entèramerikèn kont koripsyon Oganizasyon Eta ameriken yo k ap dewoule Washington, soti 8 pou rive 11 septanm 2025.
Rankont sa reprezante yon gwo etap nan pataje pi bon mwayen pou konbat koripsyon, evalye pwogrè ki fèt yo epi mete kanpe lòt zouti koperasyon, patikilyèman itilizasyon entèlijans atifisyèl nan kad batay kont koripsyon an.

Pami pwen patisipan yo ap diskite yo, gen rapò peyi Antigua ak Barbuda epi St-Kitts-Navis ap gen pou prezante, revizyon zouti pou evalye ankèt yo, pousuit ak sanksyon yo nan kad krim finansye yo.
Daprè responsab yo, patisipasyon Ayiti nan rankont sa a montre volonte otorite yo pou popilasyon an gen konfyans nan yo, ranfòse Leta a ki chita sou lalwa, epi montre kominote entènasyonal la batay kont koripsyon an se youn nan priyorite yo.
Demach sa a antre tou nan kad konsolidasyon angajman entènasyonal peyi a te pran epi montre detèminasyon Leta ayisyen pou pousuiv jefò yo, ranfòse enstitisyon kontwòl yo epi garanti bonjan gouvènans nan peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut