KPT/ RUEH - Konseye prezidan Smith AUGUSTIN vizite lokal rektora a, 11 septanm 2025 la
4 hours ago
Konseye prezidan Smith AUGUSTIN vizite, 11 septanm 2025 la, Rektora inivèsite Leta nan lide pou kapab diskite ak responsab yo sou fonksyonnman enstitisyon an.
Nan okazyon an, Rektè UEH la, Dieuseul PREDELUS, te soumèt bay konseye Augustin bezwen inivèsite a kote l raple gang kriminèl yo piye, kraze, brize epi okipe lokal plizyè fakilte UEH la.
Yon sitiyasyon ki oblije UEH lwe lòt espas nan lide pou etidyan yo kapab kontinye suiv kou.
Yon lòt kote, responsab Rektora a idantifye nan diferan depatman jewografik nan peyi a, plizyè teren pou kapab konstwi lòt kanpis. Rektora a soulinye tou enpòtans bon jan envestisman nan ansèyman siperyè a ki reprezante pilye devlopman nan peyi a.
UEH la gen 1 500 pwofesè pami yo 1 200 vakatè epi 300 ki regilye. Rektora anvizaje ogmante pwofesè tan plen yo nan lide pou kapab akonpaye etidyan yo.
Gen pwojè bidjè 8 milya goud inivèsite a pou ane 2025-2026 la Rektora a te remèt konseye prezidan Smith AUGUSTIN.