PNH – Bandi atake yon ekip militè kite an sèvis nan komin Kenskòf

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Bandi atake yon ekip militè kite an sèvis nan komin Kenskòf nan lannwit 13 pou louvri 14 septanm 2025 la, daprè sa Polis nasyonal la konfime.
Gen inite espesyalize PNH la ki te pote ranfò epi retabli sekrite nan zòn lan kote yon anplwaye PNH la ki t ap pilote yon blende te pèdi kontwòl veyikil la anba kòktèl “Molotov” ak gazolin epi al tonbe nan yon ravin nan zòn Obleon.
Chofè a ki se Texon Mercy mouri epi gen 2 polisye ki blese. Ajan SWAT TEAM yo te ale rekipere blese yo, dapre responsab PNH yo ki fè konnen gen plizyè asayan ki mouri tou.
Yon lòt kote, PNH la pwomèt operasyon pou demantle gang yo ap rapousuiv nan Kenskòf ak nan mitan vil Pòtoprens.
Kòmandan an chef PNH la salye kouraj polisye yo epi prezante kondoleyans li bay fanmi, zanmi, ak kòlèg chofè-mekanisyen an, Texon Mercy.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut