OEA – Pierre Josué Dahomey apiye demach pou se ayisyen ki deside sou wout y ap bay peyi yo

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Reprezantan Ayiti nan Òganizasyon eta ameriken yo, Jean Josué Pierre Dahomey ankouraje eta manm òganizasyon an aji san pèdi tan pou pèmèt aplikasyon fèy wout pou stabilite ak lapè OEA te adopte nan mwa out 2025 lan.
Nan yon konferans nan tèt kole ak eta manm k ap sipote Ayiti yo, diplomat ayisyen an fè konnen se yon sitiyasyon ki pa ka tann, ki merite rapidite ak presizyon nan aksyon yo.
Li kontinye apiye demach pou se Ayisyen ki deside sou wout y ap bay peyi yo ,li ankouraje rezolisyon pwoblèm sekirite a ki pou mennen nan òganizasyon eleksyon nan peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut