MENFP - Presizyon Minis Augustin Antoine sou aktivite ofisyèl yo nan kad rewouvèti lekòl la
septembre 17, 2025 9:43 pm
Ministè edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl anonse aktivite ofisyèl yo nan kad rewouvèti lekòl la, 1e oktòb k ap vini la, ap fèt nan Nòdwès peyi a.
Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la, Augustin ANTOINE, nan okazyon an pote presizyon sou yon ansanm mezi ki deja pran pou ane eskolè 2025 -2026 la.
Pi lwen, minis Augustin ANTOINE raple li enpòtan pou tout lekòl, kelkeswa orijin li, respekte modòd sa yo pran pou rewouvèti klas yo.