Sosyete/ Tèt Pansant - Òganizasyon yon kolòk nan Ansdeno sou pwoblèm komin sa ap konfwonte
septembre 18, 2025 9:30 pm
Yon gwoup jèn inivesitè ki regwoupe yo nan estrikti ki pote non « tèt pansant » nan awondisman Ansdeno nan depatman Grandans peyi a, òganize yon kolòk lendi 15 ak mardi 16 septanm 2025 lan, nan Ansdeno sou pwoblèm komin sa ap konfwonte.
pandan kolòk sa, jèn yo rive idantifye plizyè pwoblèm yo di kominote a ap fè fas tankou edikasyon, sante, jistis, enfrastrikti, agrikilti elatriye. Gwoup jèn sa yo pwopoze pou Leta aji vit pou rezoud problem sa yo pou amelyore sitiyasyon popilasyon nan kominote sila.
Judeson Macéus se pòtpawòl òganizasyon tèt pansant, li te nan mikro TNH.
Ann suiv