PNH - Lansman yon kanpay nasyonal sou sansibilizasyon pou lite kont vyolans seksyèl nan sosyete a
septembre 18, 2025 9:16 pm
Polis nasyonal Dayiti nan tèt kole ak divès patnè lanse, mèkredi 17 septanm 2025 lan, ofisyèlman yon kanpay nasyonal sou sansibilizasyon pou lite kont vyolans seksyèl k ap fèt nan sosyete a, pi presizeman kont fanm ak tifi.
«Pa pè pote plent kont vyolans seksyèl la polis la li la pou ou», se tèm aktivite sa ki dewouwe nan prezans Direktè jeneral polis nasyonal dayiti a, enspektè jeneral André Jonas Vladimir PARAISON, reprezantan HCDH la, Arnaud ROYER, reprezantan ONU FEMMES nan Marie GOETHIE NDUWAYO ak reprezantan anbasad peyi Kanada a, Sandra BERBERY.