OEA - Reyaksyon Albert Ramdin sou "Masak Labodri" a
septembre 18, 2025 9:06 pm
Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, di l kondane masak Labodri a li di ki se yon vyolasyon prensip sou respè dwa moun nan peyi a.
Dapre li, pa gen anyen ki ka jistifye zak sasinay sa yo bandi yo komèt sou gason, fanm ak ti moun. Pou Albert Ramdin, zak vyolans sa yo montre ijans ki genyen pou retabli sekirite nan peyi a kote dwe gen yon Leta ki chita sou lalwa ak respè dwa moun.
Sekretè jeneral la mande tout aktè yo mete tèt ansanm, fè yon dyalòg konstriktif nan lide pou kapab mete yon bout nan zak vyolans gang kriminèl yo nan peyi a epi bay popilasyon an espwa.
Mesye Ramdin mande pou kominote entènasyonal la bay Ayiti tout soutyen li bezwen yo pou kapab rezoud ensekirite a.
OEA di l detèmine pou soutni Ayiti nan batay kont krim òganize, ranfòse enstitisyon demokratik yo epi apiye solisyon ki reflete aspirasyon pèp la, atravè fèydewout pou estabilite ak lapè a ak apui patnè rejyonal ak entènasyonal yo.