FENASEC - Minis Paul A. Bien-Aimé rekonèt diskisyon sou pwopozisyon nouvèl konstitisyon an poko fini
5 hours ago
Minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo, Paul Antoine Bien-Aimé fè konnen premye ak dezyèm pwopozisyon sou pwojè konstitisyon an seksyon kominal p ap kolektivite teritoryal ankò.
Minis Bien-Aimé rekonèt diskisyon sou pwopozisyon nouvèl konstitisyon an poko fini, men nan direksyon yo prale a, kolektivite teritoryal yo sou wout elimine. Sa ki enpòtan, selon minis la, tout Ayisyen, kèlkeswa kote yo ye, merite jwenn sèvis.