NATCOM - Selebrasyon 14 lane egzistans enstitisyon an
5 hours ago
National Communication (NATCOM) selebre 14 lane sèvis nan zafè telefoni mobil an Ayiti.
Nan okazyon an, yon seremoni òganize, jedi 18 septanm 2025 la, nan prezans divès reprezantan Leta ak lot patnè konpayi a pou pèmèt yo evalye sa yo fè epi fè pwojeksyon pou ane k ap vini yo.
Manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean, ki te prezan nan aktivite sa, raple enpòtans konpayi a nan devlopman ak ekonomi peyi a. Li di l swete konpayi a kontinye fè jefò pou pote plis sèvis bay abone yo.