MENFP - Piblikasyon rezilta egzamen bakaloreya (Segondè renove 4 ak bak pèmanan)
6 hours ago
Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl pibliye rezilta egzamen bakaloreya (Segondè renove 4 ak bak pèmanan) pou 9 sou 10 direksyon depatmantal edikasyon yo.
Pou segondè 4 la gen 30.99% elèv ki reyisi nan depatman Nòdwès, Sidès 53.64%, Sant 49,72%, Nòdès 36.65%, Sid 66.93%, Grandans 61, 87%, Nò 49,73%, Nip 54.64%, epi Lwès 40.68%.
Ministè a rete pou pibliye rezilta pou Depatman Latibonit.