Zantray - Apèl linite ak tout lòt òganizasyon vodou pou soti sektè a nan divizyon k ap wonje l
septembre 23, 2025 1:19 am
Òganizasyon «Zanfan tradisyon ayisyen» (Zantray) lanse yon apèl linite ak tout lòt òganizasyon vodou pou soti sektè a nan divizyon k ap wonje li epi travay nan tèt kole pou ranfose sektè vodou ayisyen an.
Prezidan Zantray la, Joseph Alcenat, anonse yon ansanm aktivite, pami yo yon libera nan memwa zansèt yo, yon fason pou rekonekte espri yo ak peyi Dayiti.