KPT - Prezidan Konsèy la, Laurent Saint-Cyr rankontre kominote ayisyèn nan Etazini
septembre 24, 2025 12:05 am
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Anthony Franck Laurent Saint-Cyr, rankontre dimanch 21 septanm 2025 la, kominote ayisyèn nan k ap viv nan peyi Etazini.
Yon rankont ki te rasanble konpatriyòt ayisyen k ap viv nan divès eta kay Tonton Sam.
Nan okazyon an, Laurent Saint-Cyr evoke zafè sekirite a ki reprezante yon dilèm pou bon fonksyonman peyi a.
Nimewo KPT a soutni lide pou genyen yon lame epi yon fòs polis ki pwofesyonèl pandan l prezante ansanm jefò ki fèt anba lavil la pou tabli lapè.