DGI - Enstitisyon an pa rive atenn objektif li te fikse pou egzèsis fiskal 2024 2025 la
septembre 23, 2025 11:57 pm
Direksyon jeneral enpo DGI pa rive atenn objektif li te fikse pou egzèsis fiskal 2024 2025 la , kote yo te prevwa kolekte 89 milya goud nan bidjè inisyal la. Nan bidjè rektifikatif la, montan sa te diminye ak 83 milya goud.
Soti oktòb 2024 pou rive out 2025 lan, DGI kolekte 62 milya goud. Selon previzyon yo, y ap rive kolekte antou 69 milya goud pou ane fiskal la, lè yo fin ajoute mwa septann nan.
Responsab kominikasyon DGI a, François Sérant, fè konnen gen plizyè faktè ki kapab kòz bès ane sa, pami yo, vandalizasyon plizyè Biwo DGI epi anpil kontribyab ak biznisman kite peyi a akòz sitiyasyon ensekirite a.
Yon lòt bò, mesye Sérant fè konnen pou egzèsis fiskal 2025 2026 la, yo prevwa kolekte 92 milya goud.