Prezidan KPT a Laurent Saint-Cyr patisipe nan ouvèti deba jeneral yo nan kad 80èm sesyon odinè ONU a

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon, Laurent Saint-Cyr, patisipe, madi 23 septanm 2025 la, nan ouvèti deba jeneral yo nan kad 80èm sesyon odinè Asanble jeneral Nasyonzini an.
Sesyon sa k ap dewoule anba tèm « Mieux ensemble : 80 ans et plus pour la paix, le développement et les droits humains », se okazyon pou diferan eta manm prezante analiz yo sou sitiyasyon mond lan.
Pou premye jounen deba jeneral yo, plizyè chèf Leta te defile sou tribin nan, pami yo, Prezidan ameriken an, Donald Trump, Prezidan fransè a, Emmanuel Macron ak prezidan brezilyen an, Luis Inacio Lula Da Silva.

Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ap gen pou pran lapawòl sou tribin nasyonzini a, jedi 25 septanm nan.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut