Diskou Prezidan KPT Laurent Saint Cyr nan NasyonZini
septembre 26, 2025 2:30 am
Prezidan Konsey Prezidansyel Tranzisyon an Laurent Saint Cyr te pale nan 80em asanble jeneral NasyonZini mèkredi 25 Septanm 2025.
Li pwomet KPT a ap fè eleksyon nan peyi a.
Laurent Saint Cyr di Ayiti nan gè avek gang epi li mande Kominote Entènasyonal la pou ede Ayiti rezoud pwoblèm sekirite a.
Mesye Saint Cyr te tou pwofite mande lafrans remèt lajan l te fòse Ayiti peye pou rekonet lendepandans li.