Konseye Leslie Voltaire ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé vizite sant vil Pòtoprens

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konseye prezidan Leslie ki te gen ak li Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak direktè jeneral PNH la, fè yon vizit enspeksyon jedi 25 septanm lan, nan sant vil Pòtoprens, kote Gouvènman an, nan kolaborasyon sere ak Lapolis Nasyonal, kontinye ap mennen gwo operasyon pou repran espas bandi yo te okipe depi lontan.

Pou kounyea, Leta deja retire plis pase 2.500 mèt kib fatra ak plis pase 500 kakas machin. Anpil travay deja fèt epi anba lavil la kòmanse reprann vre figi l, dapre sa Primati fè konnen nan yon kominike, kote l presize ministè Travo Piblik kontinye ak reyabilite wout ak lòt enfrastrikti esansyèl yo.

Tout jefò sa yo fèt ak yon sèl objektif ki se pèmèt popilasyon an rekòmanse pran aktivite li chak jou nan sant vil Pòtoprens, nan sekirite ak nan diyite.
Premye Minis la fè konnen laterè p ap genyen dènye mo a. Leta ap rete bò kote pèp la jiskaske lapè ak estabilite retounen nèt nan kapital la.

« Leta kanpe djanm. Ansanm, n ap reprann Pòtoprens epi n ap rann chak sitwayen dwa pou viv anpè ak nan diyite. », Nou t ap li konklizyon kominke sa Primati mete deyò sou vizit sila.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut