ICE - Sèvis la arete Dimitri Vorbe li konsidere ilegal epi gen lyen ak òganizasyon teworis kriminèl
septembre 28, 2025 3:58 am
Sèvis imigrasyon ak dwàn Etazini (ICE) fè konnen li arete Dimitri Vorbe li konsidere tankou yon imigran ilegal ki soti Ayiti ki gen lyen ak òganizasyon teworis kriminèl.
Daprè ICE antreprenè a te patisipe nan yon kanpay vyolans ak sipòte gang ki te kontribye nan destabilizasyon Ayiti.
Sèvis ankèt ak aplikasyon lalwa ak operasyon ekspilsyon ICE la, nan tèt kole avèk Sèvis Sekirite Diplomatik Depatman Deta Ameriken an ak Direktora Deteksyon Fwod ak Sekirite Nasyonal Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ameriken an, te mennen ankèt sou dosye sa.
Selon Depatman Deta, prezans oswa aktivite Vorbe yo nan peyi Etazini ka gen konsekans grav sou politik etranjè ameriken, sa ki te sèvi kòm baz pou akizasyon pou depòte li. Pou kounye a, Dimitri Vorbe nan men ICE an atandan pwosedi depòtasyon an.