Politològ Pierre-Antoine Louis kritike fason li konstate ONU ap jere konfli nan yon seri peyi
septembre 28, 2025 3:44 am
Politològ Pierre-Antoine Louis, ki t ap patisipe nan emisyon spesyal, sou Televizyon nasyonal Dayii, kritike fason li di li konstate Òganizasyon nasyonzini ap jere konfli oswa kriz nan yon seri peyi.
Daprè diplomat la, sistèm Nasyonzini a pa vreman adapte ak reyalite mond lan.
Li fè konnen anje jewoplolitik ak jewostratejik yo lakoz li paka jwe wòl li kòmsadwa nan yon seri peyi nan mond lan.