ULCC - Piblikasyon 7 rapò ankèt ki konsène plizyè enstitisyon nan administrasyon piblik la
septembre 30, 2025 12:19 am
Inite lit kont koripsyon ULCC pibliye, vandredi 26 septanm 2025, 7 rapò ankèt ki konsène plizyè enstitisyon nan administrasyon piblik la.
Youn nan rapò sa yo endekse aktyèl minis espò ak aksyon sivik la, madam Niola Lyne Octavius sou itilizasyon 10 milyon goud ki te dekese nan kad komemorasyon Batay Vetyè, 18 me 2024.
Rapò sa yo konsène tou, ansyen direktè jeneral Televizyon Nasyonal Dayiti a, Gamall Jules Augustin, ansyen majistra Wanament lan ak aktèl direktè jeneral SNGRS la, pou n site sa yo sèlman.