MSPP/ MARNDR – Komemorasyon « Jounen mondyal kont raj »

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

«Agissons maintenant, vous, moi, la communauté», se sou tèm sa ministè agrikilti nan tèt kole ak ministè Sante piblik ak popilasyon (MSPP) epi diferan òganizasyon kap travay sou maladi raj, selebre jounen vandredi 26 septanm 2025 lan.

Maladi raj la toujou prezan nan peyi Dayiti, kote se timoun ki gen soti 11 pou rive 15 lane ki plis viktim maladi sa, selon Dr.Francisco Noel ak Parlo Sainvil.
Yo ankouraje tout moun ki gen chen lakay mennen yo wè veterinè, si yo ta sispèk kèk siy maladi raj.

Sou bò pal, responsab OPS/OMS la nan pei Dayiti, doktè Oscar Barenèch, pwomèt pou travay pou derasinen maladi raj nan peyi a.

Dr. Gabriel Thimoté, direktè jeneral ministè Sante piblik ak popilasyon, remesyè patnè l yo pou kout men y ap bay Ayiti pou ede l dechouke maladi raj nan peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut