MENFP - Remiz ofisyèl pèmi pou fonksyone ak dirije bay plizyè dizèn responsab lekòl
septembre 30, 2025 12:12 am
Responsab yo nan Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl remèt ofisyèlman pèmi pou fonksyone ak dirije bay plizyè dizèn responsab lekòl nan depatman Lwès la, nan yon seremoni ki dewoule nan otèl karibe, vandredi 26 septanm 2025 lan.
Remiz pèmi pou fonksyone ak dirije sa konstitye yon etap desiziv nan pwosesis rekonesans ak akreditasyon lekòl yo jan politik nasyonal akreditasyon lekòl prive yo « PONAEP » ak manyèl jesyon akreditasyon lekòl prive « MGAEP » mande sa.