OIDG - Piblikasyon ansanm desizyon (actes) yo pran aprè fowòm ki reyalize sou kriz nan peyi a
octobre 1, 2025 9:39 am
Responsab Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans (OIDG) , pibliye, lendi 29 septanm 2025 la, ansanm desizyon (actes) yo pran aprè fowòm yo sot reyalize sou kriz tout kalte k ap brase bil peyi Dayiti a.
Gran rasanbleman sa ki reyalize sòti 29 pou rive 31 dawout 2025 lan, nan Monreyal, peyi Kanada, te okazyon pou divès eskpè ayisyen ak etranje brase lide sou sitiyasyon sosyopolitik ak ekonomik peyi a.