Pwoteksyon sivil - Bilan pasaj 28èm ond twopical la sou Ayiti
octobre 1, 2025 9:27 am
Direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Emmanuel Pierre, prezante premye detay yo sou frap 28èm ond twopikal la bay plizyè depatman nan peyi a.
Selon responsab la, se depatman Nodwès, Sid ak yon pati nan Grandans ki plis touche, kote anpil jaden frape epi dlo pote ale kèk bèt.
Emmanuel Pierre ki presize se yon bilan pasyèl, fè konnen yo pa anrejistre moun ki mouri epi anonse repons yo deja kòmanse rive sou teren.