DGI – Remèsiman ak tout kontribyab ki te respekte obligasyon yo pou egzesis fiskal 2024-2025 la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Nan kad egzèsis fiscal 2025-2026 la k ap demare mèkredi 1e oktòb la, Direksyon jeneral enpo (DGI) remèsye tout kontribyab yo pou jefò yo te fè pou te kapab respekte obligasyon yo pou egzèsis fiskal ki sot pase a.
Responsab DGI yo pwomèt pou bay kontribiyab yo pi bon sèvis epi mande sa ki an reta yo pou yo peye taks yo, yon fason pou Leta kapab jwenn resous pou reponn ak bezwen popilasyon an.
Yon lòt kote, DGI raple tout kad yo tankou responsab inite yo, direktè santral yo, direktè depatmantal yo, responsab yo tout chèk k ap fèt pou peye dèt, enpo, taks oubyen amand, dwe fèt nan non Trésor Public-DGI.
Gen dispozisyon ki pran apati 1er oktòb 2025 lan pou chèk pa fèt ankò sou non Direksyon jeneral enpo, dapre yon sikilè ki pote siyati direktè jeneral, Romial Petit.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut