MSF - Kantite viktim ki vin pran swen nan sant sante yo ogmante akoz mank lopital nan kapital la
4 hours ago
Lese frape ant lapolis ak gang kriminèl yo agrave kriz la nan kapital la, dapre Médecins Sans Frontières (MSF) ki pale de kantite viktim ki vin pran swen nan sant sante li yo ki ogmante epi pa gen anpil lopital nan kapital la.
60 a 80% lopital yo fèmen pòt yo akoz ensekirite a ak vyolans jeneralize yo alòske 2 sitwayen sou 5 bezwen swen ijan, dapre MSF.
Soti janvye pou rive jen 2025, ekip MSF yo pran an chaj 2 600 viktim zak vyolans seksyèl, gen 13 300 malad ki pase nan ijans epi l bay swen 2 300 viktim zak vyolans.
26% nan viktim vyolans yo se minè ki gen anviwon 15 lane alòske se 11% MSF te resevwa nan lane 2024. Pami viktim minè yo, yon tyè se tifi epi 30% blese ak bal.