KPT - Prezidan Konsèy la Laurent Saint-Cyr kite peyi a, dimanch 5 oktòb 2025 la
4 hours ago
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Anthony Franck Laurent Saint-Cyr, kite peyi a, dimanch 5 oktòb 2025 la, nan kad yon toune kote, nan yon premye tan l ap gen pou chita pale ak konpatriyòt Ayisyen yo, lidè kominotè ak relijye nan Florid, peyi Etazini, avan li rann li nan peyi Japon.
Nan okazyon vizit sa a, Mesye St-Cyr ap rankontre anperè japonè a Naruhito kote 2 pèsonalite yo ap pale sou divès sijè nan kad koperasyon ant 2 peyi yo.
Gouvènman japonè a k ap soutni jefò pou retabli sekirite an Ayiti atravè finansman misyon miltinasyonal pou apiye sekirite a (MMAS).
Prezidan CPT a, Laurent Saint-Cyr, ap kontinye fè pledwaye yon fason pou tranzisyon kapab reyisi chantye priyoritè li yo.
L ap pwofite tou pou patisipe, samdi 11 oktòb la,nan yon jounen espesyal gouvènman japonè a ap òganize nan lonè peyi Dayiti nan kad ekspozisyon inivèsèl Osaka 2025 lan.