MENFP - Mesaj nan okazyon jounen mondyal anseyan yo
5 hours ago
Nan okazyon joune mondyal ansenyan yo, 5 oktòb 2025 la, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl rann yon gwo omaj ak tout manm kominote edikativ la ki pa sispann fè sakrifis pou kenbe flanbo edikasyon an nan peyi a.
Anseyan yo toujou rete debou malgre tout defi ak tout difikilte yap rankontre tankou ensekirite ak pwoblèm ekonomik. Yo toujou ap travay pou louvri pòt lespwa pou ti moun yo.
Ministè edikasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl fè konnen Gouvènman an ap travay pou amelyore kalite edikasyon an ak kondisyon lavi anseyan yo, revalorize pwofesyon anseyan an, ranfòse dispozitif fòmasyon an, mete kanpe refòm estriktirèl yo nan lide pou kapab bati yon lekòl piblik enkliziv, modèn epi rezilyan, dapre yon mesaj ki pote siyati minis Augustin Antoine !