MAEC - Minis Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste resevwa nan biwo Doktè Christian Mouala
8 hours ago
Minis Afè etranjè ak Kilt la, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste resevwa nan biwo l, jedi 9 oktòb 2025 la, direktè peyi ak reprezantan ONU/SIDA an Ayiti, Dr Christian Mouala.
Diskisyon yo te dewoule sou apui òganizasyon an ap kontinye bay nan kad jefò gouvènman an ap fè pou kapab kwape VIH /SIDA a nan peyi a pou pita nan lane 2030.
2 pèsonalite yo te pale tou sou yon pwojè tèt kole pou kapab sansibilize divès lòt òganizasyon nan kad batay kont VIH/SIDA.