MAEC – Gen nouvo tarif ki fikse pou demand paspò yo garanti yon menm tretman pou tout Ayisyen

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Konsèy tranzisyon an di l soutni desizyon ministè Afè etranjè ak Kilt pran pou amonize tarif demand paspò yo epi garanti yon menm tretman pou tout Ayisyen yo.
Nouvo tarif la fikse a 125 dola ameriken pou granmoun epi 100 dola pou ti moun. Anbasad Dayiti nan Washington ap transfere nan trezò piblik tout lajan y ap ranmase nan kesyon fè paspò a.
Pap gen sèvis ijans ak ekstrèm ijans nan lide pou se menm pwosedi a pou tout moun ki fè demand yo.
Yon demach ki montre volonte gouvèman an pou gen transparans ak koyerans nan misyon diplomatik ak konsilè yo, yon fason pou tout moun kapab jwenn menm sèvis.
CPT a salye angajman Ministè Afè etranjè epi reyafime detèminasyon l pou soutni l nan desizyon l yo pou ranfòse konfyans Ayisyen yo nan enstitisyon yo ak sèvis y ap bay nan peyi etranje.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut