KPT/ KID - Rankont pou gade kòman aktè yo kapab rezoud kriz plizyè dimansyon k ap frape peyi a
13 hours ago
Konsèy prezidansyel tranzisyon an te òganize yon rankont konsiltasyon 2 oktòb pase a ak responsab pati Konvansyon Inite demokretik KID nan objektif pou gade kòman aktè yo kapab rezoud kriz plizyè dimansyon k ap frape peyi a.
KPT atravè prezidan konsèy la Laurent Saint-Cyr eksprime volonte yo pou òganize eleksyon yo avan manda yo fini pou genyen nouvo dirijan nan tèt 7 fevriye 2026
Enold Joseph, youn nan manm direktwa KID, ki te prezan nan rankont sa, di l te fè prezidan KPT a konnen pa genyen okenn mwayen pou eleksyon òganize avan 7 fevriye 2026.
Responsab KID yo eksprime satisfaksyon yo parapò ak konsiltasyon sa ki kapab debouche sou yon akò ki kapab evite peyi a tonbe pi fon nan kriz la.