MENFP - Atelye sou prezantasyon pwogram remanye segondè a
6 hours ago
Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl òganize yon atelye, madi 14 oktòb 2025 la, sou prezantasyon pwogram remanye segondè a, nan Otèl Kinam, nan Petyonvil.
Se te okazyon pou pi wo responsab yo nan Ministè a ak patnè yo diskite sou pwogram segondè renove a epi avantaj li prezante pou aprenan yo.