RNDDH - Rezo a eksprime prewokipasyon l parapò ak zak vyolans yo ki pa sispann ogmante nan Latibonit
7 hours ago
Responsab Rezo k ap Defann dwa moun yo «RNDDH» eksprime prewokipasyon yo parapò ak zak vyolans yo ki pa sispann ogmante nan depatman Latibonit.
Nan yon rapò yo mete deyò 9 oktob 2025 lan, responsab enstitisyon sa fè konnen soti janvye pou rive septanm 2025, gen pou pi piti 24 masak ak atak ame yo resanse nan depatman Latibonit la.