Lakou dapèl Pòtoprens - Remiz yon arè pwovizwa nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la
8 hours ago
Lakou dapèl Pòtoprens rann, lendi 13 oktob 2025 lan, yon arè pwovizwa nan kad dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Se pezidan Kou dapèl Potoprens lan, jij Emmanuel Lacroix, ki te prezante arè pwovizwa sa ki dezinye jij enstriktè, Denis Cyprien, pou enstui dosye sa.
Plizyè avoka ki te prezan nan moman prezantasyon arè sa bat bravo pou gwo travay jij lakou dapèl yo fè.
Pi lwen, prezidan lakou dapèl, Emmanuel Lacroix, fè konnen y ap travay pou jistis kapab jayi nan dosye sa.