Fondasyon AIC/ ASTREYA - Lansman ofisyèl premye pwogram mentora pou fanm antreprenè
5 hours ago
Astreya ak sipò Fondasyon AIC, lanse ofisyèlman premye pwogram mentora pou fanm antreprenè mèkredi 5 novanm 2025 lan, anba tèm: Élever, inspirer, bâtir l’avenir des femmes entrepreneurs.
Pwogram sa ki pote non Astreya Mentò Fanm ak Otonomi Antreprenèryal k ap derape novanm 2025 pou bout avril 2026 vize ranfòse kapasite ak konpetans antreprenè trant (30) jèn fi ayisyèn. Yo pral resevwa fòmasyon sou otonomi ekonomik, devlopman pèsonèl ak antreprenarya pou ede yo pi byen jere pwojè yo.
Pami pèsonalite ki te prezan, Anbasadris Inyon Ewopeyèn lan an Ayiti, Hélène Roos, pa t kache satisfaksyon li. Nan entèvansyon l, li mete aksan sou angajman li pou soutni inisyativ sa ki vize devlopman ak avansman jèn, espesyalman jèn fanm.














